mardi 21 janvier 2020

Pou yon revèy agrikòl an Ayiti

Kesyon agrikilti an Ayiti, se yon sijè enpòtan anpil. Gen kèk gwo chabrak ki menm rive deklare : agrikilti se yon kesyon sekirite nasyonal. Se yon deklarasyon ki jis si nou vle mete-l nan nivo enpòtans ak kantite wòl agrikilti reprezante pou yon peyi. Imajine yon moman, ou gen anpil lajan men ou pa pwodwi manje w beswen pou-w manje, epi yon jou moun ki vann manje yo deside pa vann ou ankò.

Se pa rapò ak tou sa, mwen chwazi ekri ak pataje kèk lide, mwen panse ki kapab sèvi moun ki nan tèt peyi yo, moun k-ap konseye dirijan yo ak moun k-ap pran desisyon sou agrikilti ak lamanjay nan peyi a.

A travè lide sa yo, mwen vle tou sansibilize lopinyon piblik la sou nesesite pou gen yon revèy, nan tèt ansanm, pou relanse ak devlope agrikilti peyi Dayiti. Plis sa ap pran tan pou fèt, se pou konplike bagay yo ap vin pi konplike..

Si-w twouve tèks sa a ka sèvi nan objektif mwen fè-l la, pa ezite pataje-l ak itilize-l yon fason pou sansibilize ak mobilize plis moun ak aktè pou kolabore nan bay agrikilti jarèt nan peyi Dayiti.

 

Kèk enfòmasyon enpòtan sou agrikilti…?

Eske nou konnen agrikilti se youn pami twa wòch dife richès ak ekonomi peyi Dayiti chita? Agrikilti se plis pase 20% richès (PIB)ki pwodwi nan peyi a.

Eske nou konnen agrilkilti se plis pase 45 % nan djòb ki egziste nan tout peyi a?

Eske nou konnen tou 63% djòb nan zòn riral yo (sa nou rele zòn andeyò yo) se nan sektè agrikòl la yo ye ? Gen plis pase 5 milyon moun (53% popilasyon) ki nan zòn yo konsidere kòm andeyò yo; pi gwo aktivite gwo majorite moun sa yo se agrikilti.

Eske nou konnen agrikilti se youn nan baz ki pi enpòtan pou tabli ak kenbe sekirite ak estabilite sosyal nan peyi Dayiti?

Eske nou konnen gen bon jan teknik ki ka pèmèt nou mete an valè osinon ekplwate tè ki nan mòn ak nan flan mòn pou-n ogmante ak divèsifye pwodiksyon agrikòl nou, san nou pa oblije degrade milye natirèl yo ak ekosistèm yo?

Eske nou konnen se kay vwazen, tankou Ozetazini ak peyi Sendomeng, plis pase 60% manje Ayisyen manje sòti? Preske pa gen okenn kontwol sou kalite manje n-ap enpòte pou, anpil nan manje sa yo pase nan kontrebann. Manje enpòte sa yo, Diri, mayi moulen, espageti, fig, elatriye, antre nan yon konkirans dirèk  ak manje agrikiltè Ayisyen pwodwi? Bagay sa-a kraze pwodiksyon agrikòl peyi-a, epi dekouraje peyizan ak pwodiktè peyi Dayiti

Eske nou konnen tou kategori peyizan yo se pi gwo tonton majorite konpozant sektè prive agrikòl la k-ap pwodwi manje pou tout Ayisyen, tankou sa ki lavil, nan katye popilè ak andeyò? Nou te konnen Peyizan se gwoup sosyal ki pi meprize ak eksplwate?

Eske nou konnen, si agrikilti a ap mache byen, gen anpil pwoblèm nou kapab elimine tankou grangou, malnitrisyon kay timoun tankou granmoun, yon pakèk lòt vye maladi moun Ayiti pran nan manje manje enpòte ki de movèz kalite ? Agrikilti kapab penmèt tou kantite moun moun pòv ak moun ki nan chomaj, kantite moun ki ap pati aletranje pou afè pa bon, paske yo pa ka jwenn travay, elatriye?

Depi lendepandans, pwodiktè ayisyen, an majorite peyizan ap sibi eksplwatasyon sou divès fòm, sòti nan nèg espekilatè raketè rive jwenn elit ekonomik jodi yo ki domine komès pwodwi alimantè yo. Bagay sa yo toujou anpeche peyizan tire pwofi travay li, vann pwodiksyon li nan pri ki penmèt li rantre benefis pou kontinye envesti, achte entran pou kontinye fè jaden, epi tou pran swen tèt li ak fanmiy li.

Nou nan lane 2020, prensipal zouti yon pwodiktè agrikòl se wou, manchèt, rach,... Pa gen irigasyon ase, pa gen asirans, pa gen teknik ak zouti modèn alòske yo egziste nan lòt peyi. Pa gen okenn eksplwatasyon teknoloji ki egziste yo pou mete yo disponib pou peyizan ak pwodiktè agrikòl peyi-a. Leta papa bon kè (l'Etat providence) refize pran ak aplike mezi ak teknik ki gen repondong, ki bay randman pou ankadre pwodiksyon nasyonal, men kanpe depi kèk tan dèyè yon politik ki chida sou don ak èd sibvansyon bidon.

Kesyon chanjman klimatik yo afekte anviwòman an, epi koz randman agrikòl yo bese anpil. Plis jou ak ane ap pase, san anyen serye pa fèt, enpak evènman klimatik yo ap vin pi grav chak jou.

Nou gen anviwon 150 mil ekta tè ki ta kapab irige; men, se apèn 60 mil ekta ki rive aroze tan byen ke mal. Konstriksyon anachik ak movèz jesyon teritwa peyi Dayiti lakòz yon bon pati nan tè irigab sa yo pèdi vokasyon agrikòl yo ; sa ki lakòz tou peyizan pedi yon bon pati, pafwa tout tè eksplwataswon yo.

Nan tout peyi, agrikilti gen gwo enpòtans pou moun k-ap dirije yo. Kèk peyi tankou Etazini, Lafrans, Sendomeng ... enskri agrikilti yo pami sijè pilitik yo pa negosye konsa konsa, a la lejè. Yo pran gwo tonton mezi pou pwoteje pwodiktè lakay yo, ansanm ak tout kslite bagay yo pwodwi.Tankou, enpòtasyon pa fèt nan bouyi vide nan peyi sa yo ; yo kontwole ki kantite ak ki kalite bagay pou yo kite travèse fwontyè rantre lakay.

 

Ann reyalize ansanm kèk konsta ki afekte agrikilti an Ayiti

Anpil ak divès kalite vyann pèpè, nòmalman moun pa manje, blayi kò yo nan mache enfòmèl de mas yo ak nan makèt. An menm tan, se nan peyi etranje ak lòt bò dlo, plis pase 60% manje nou manje Ayiti sòti.

Pwogram èd alimantè ak Pwogram apèzman sosyal (PAS), se prensipal estrateji a la mòd. Entèvansyon sa yo se repons koutpwen rapid ak konjonktirèl ki pa gen lòt rezilta ke apeze grangou ak fè moun manyen yon ti kòb pou yon ti tan, pou sèlman kèk jou. Yo pa kapab ede nou devlope yon peyi. Okontrè, lè yo mal fèt, tankou sa ap pase an Ayiti la, se andikape jan de aktivite sa yo ap andikape kapasite sektè nasyonal yo, tankou agrikilti-a

Peyizan dekouraje ak pèdi konfyans menm nan aktivite prensipal yo, ki se agrikilti. Pi fò agrikiltè jodi-a fi-n granmoun; pa gen okenn politik pou asire la relèv. Espas riral yo ap vide, jenn yo lage pye yo pou lavil osinon lòt peyi tankou Sen Domeng, Chili, Brezil, elatriye.

Preske pa gen konsèy teknik ni akonpayman apwopriye pou pwodiktè. Leta, Bayè de fon, ONG, Prezidan, Depite, Majistra, Agwonòm, … tout moun an mòd pwojè ak ti-pwojè. Lojik sèvis piblik agrikòl pratikman disparèt.

Se yon gwo favè akonpanye ak mouvman foul, chobiznis, chak fwa leta deside poze yon aksyon eklè an favè mas agrikiltè yo. Souvan aksyon sa yo pa enskri nan okenn chema direktè pou yon devlòpman dirab reyèl. Peyi Dayiti, se youn nan ra peyi kip a gen okenn plan pou 5, 10, 15 oswa 30 pwochenn ane k-ap vini. Eske you Peyi ka avanse san li pa gen yon visyon, yon pwojeksyon sou lavni ?

Nan batay pou pouvwa, peryòd enstabilite sosyal ak katastwòf natirèl, pi fò viktim yo se moun k-ap travay nan agrikilti ak agwoendistri.

Nou toujou anba menas klimatik ak anviwònman.

Kesyon kòripsyon an k-ap toufe sektè a epi deskritire milye riral yo; sa ki reprezante, jounen jodi a, yon fòm blokaj ak loudè pou tout lide ak aktivite devlòpman.

 

Kisa ki ta dwe fèt?

Se yon nesesite pou kat agrikilti rebat ak patisipasyon tout aktè ki konsène, an patikilye nèg ak nègès peyizan yo. Sou menm tab, je nan je, dwe gen yon bon jan chita koze, tande ak diskite ant tout jan de aktè, tankou :

  • leta, a travè ministè kle yo ansanm ak lòt òganism leta ki konsène yo;
  • pati Sektè prive ki gen lajan an;
  • sektè prive peyizan an;
  • tout kalite envestisè nan divès domèn ki depann de pwodiksyon agrikòl tankou : agwoalimantè, otèl, …;
  • inivèsite yo;
  • enstitisyon nasyonal ak entènasyonal k-ap envesti lajan piblik oubyen pilote aktivite pwojè sou teritwa peyi Dayiti;
  • Elatriye.

 

Poukisa ak sou kisa?

Pou di non ak fòm politik, estrateji gouvènans agrikòl ki te la depi wa te kaporal, epi k-ap kontinye aplike jouk jounen jodi; chwa sa yo ekspire ak demode. Rezilta yo negatif. Nou pa beswen gwo ekpètiz pou-n wè tout fliyè agrikòl yo kraze, tankou kafe, marechaj, lèt, filyè alimantè ak agwoalimantè yo, elatriye. Nan kondisyon sa yo, pwodiksyon nasyonal la pa ofri okenn garanti ekonomik ak finansye dirab pou emansipasyon ni peyizan, ni desandan peyizan, ni devlòpman dirab peyi a.

Pou di non ak pratik ki favorize yon ti gwoup komèsan andedan filyè oswa chèn de valè agrikòl yo san yo pa bay okenn sèvis reyèl ni de kalite ak sektè a ni ak pwodiktè yo.

Pou di non ak Leta papa bon kè ak politik entèvansyonis yo ki bloke emèjans inisyativ prive dinamik pou plis sèvis ak plis pwodiktivite. Se yon obligasyon pou leta fè prèv entelijans ak kapasite pou fasilite yon fason efikas nan ekilib ak ekite miltiplikasyon devlòpman antrepriz prive nan tout nivo chèn de valè agrikòl ak agwotransfòmasyon yo.

Pou di non ak tout enstitisyon nasyonal ak entènasyonal, ansanm ak ONG k-ap fè devlòpman depi plis pase 40 ane, san okenn resilta; men ki ap monitore lamizè ak povrete pou kolekte ak mobilize lajan nan non ti pwodiktè vilnerab.

Pou deside yon konsansis, a travè yon dokiman kad, pou sektè a pou 30 pwochèn ane ki ap vini la yo. Yon dokiman ke politisyen k-ap rive nan pouvwa yo, souvan san kapasite ni preparasyon, p-ap kapab tòpiye nan enterè pèsonèl; men yon zouti pou enskri ak mezire politik agrikòl pandan manda tout otorite k-ap eli nan peryòd sa a.

Men kèk pwen, pa egzanp, ki ta dwe devlope nan yon dokiman konsa : 

  • wòl ak responsabilite chak aktè (piblik, prive, kolektif ak endividyèl);
  • adaptasyon kesyon eksplwatasyon agrikòl, prensipalman kesyon siksesyon byen yon eksplatasyon;
  • estati pwodiktè/peyizan yo;
  • mezi ak dispozisyon konsènan sitiyasyon fonsyè nan peyi Dayiti;
  • mezi ak disposisyon sou pwoteksyon ak jesyon tè ak dlo agrikòl yo;
  • mezi ak dispozisyon pou diminye enpak chanjman klimatik yo sou anviwònman agrikòl ak strateji pou aplike Objektif Devlòpman Dirab dirab yo ki konsène sektè agrikòl la;
  • mezi sou jesyon enfrastrikti agrikòl;
  • asirans obligatwa;
  • finansman ak kredi agrikòl;
  • mezi ak dispozisyon pou pwoteje ak ranfòse agrikilti familyal an Ayiti;
  • mesi ak dispozisyon ki ap ankouraje envestisè, pwodiktè agrikòl fè agrikilti ak agwoendistri an Ayiti;
  • mezi ak règ jwèt sou zafè fòmasyon, rechèch agrikòl;
  • angajman solanèl aktè politik, sektè piblik ak prive pou respekte ak fè respekte dokiman kad sa a. 

Pou fini, se kèk lide pou yon "Antant nasyonal sou estrateji ak gouvènans pou relanse ak devlope agrikilti ak kwasans ekonomik dirab nan peyi Dayiti".

Mwen ap di nou mèsi pou tan nou te pran pou li tèks sa a. Mwen espere ak swete byenvini ak tout kòmantè yo. 

© Nolex, F., Janv. 2020.