vendredi 15 septembre 2023

Propozisyon pou kriz kannal Masak la ta tounen yon pwojè sistèm irige rantab ak dirab

Kannal Rivyè Masak : de kannal a sistèm irigasyon 

PWOPOZISYON

Nan kad revandikatif aktif ak lejitim moun Wananment sou kannal Masak la ak rès popilasyon ayisyèn nan ki deside akonpanye yo a, li enpòtan pou mwen pataje kèk lide ak tout konsène yo pou yon pi bon garanti sou kalite travay yo, avni kominote a ak tout rès peyi a.

Li pa yon sekrè pou pèsonn, peyi a nan yon moman eksepsyonèl, difisil ki mande konpreyansyon, entelijans nan solidarite ak efò pèsonèl ak kolektif pou-n rezoud chak grenn pwoblèm yo.

Fòs pwopozisyon sa-a chita sou lide pou kenbe vivan bèl elan solidarite popilè ki jèmen nan mitan peyizan Wananment ak k-ap devlope nan pote yon si bèl pwojè pou devlòpman agrikòl nan zòn nan.

Li chita tou sou nesesite pou evite lawont ak desepsyon kay moun nan kominote a ak rès peyi a, apre yo fin bay san yo, vi yo, enèji yo, lajan yo. Kidonk, evite bay ènmi pèp ayisyen an yon lòt okasyon pou griyen dan sou do li.

Nan sans sa a, mwen pwopoze aktè aktif sou teren an mete an plas vit vit  yon komite mobilisation, sivèyans ak swivi sou kesyson kannal la. Yon komite ki dwe enplike : Asosyasyon peyizan yo, KASEK, Meri, Pèsonalite piblik, elatriye.

Objektif komite sa a ta dwe anglobe konstriksyon, òganisasyon sosyal, jesyon ak eksplwatasyon sistèm irige ki gen pou sòti de mouvman kannal masak la.

Komite a kapab genyen pou manda :

1. pouswiv aktivite mobilizasyon sou kannal la pou anpeche tout malveyan entèn ak ekstèn ki ta vle kanpe anfas pwojè a.

2. asire travay konstriksyon pa janm kanpe sou okenn fo pretèks, jiska rive nan mete an valè espas ki gen pou fòme nouvo perimèt irige a.

3. asire sivèyans ak kontwol kalite travay yo pa mwayen enjenyè ak lòt teknisyen volontè k-ap sipòte ak konseye inisyativ sa a.

4. antre an kontak, fè ak kenbe kòòdinasyon ak antite etatik konsène yo, an patikilye Ministè Agrikilti, Ministè Planifikasyon, Ministè Finans, elatriye, pou mande yo angaje responsabilite teknik, finansye ak politik yo nan pwojè a ; se pa yon favè se yon obligasyon leta menm pou asire devlòpman ak eksplwatasyon chak santimèt kare teritwa peyi Dayi.

5- kontinye mobilize resous pou penmèt travay yo pa kanpe ak kreye yon « fonds solidarité » kòm kontribisyon finansyè popilasyon an; leta gen obligasyon finanse yon pwojè parèy ak lajan trezò piblik ak lòt resous piblik ki disponib, paske se yon you ouvraj kominotè.

6. mande ak fasilite ke Ministè agrikilti, Ministè anviwònman angaje responsabilite yo, nan kad misyon yo, sitou nan prepare ak kominike (a) plan detaye ak « cahier de charges » enfrastrikti ak tout tip ouvraj nesesè pou konstwi ak pwoteje sistèm nan – (b) plan « parcelaire », kalandriye ak jesyon nouvo sistèm nan.

7. patisipe nan tout diskisyon ak negosyasyon lokal,  nasyonal ak entonasyonal sou pwojè kannal Masak la ; mobilizasyon sitwayen se bon jan levye pou fè pouvwa piblik yo aji epi pran an men responsabilite.

8. sou baz agresivite manifès ak menas ouvèt Leta panyòl, kontinye veye ak mande Leta pran mezi ak dispozisyon fèm, san kach kach liben, pou sekirize moun yo k-ap travay sou ouvraj yo, ouvraj yo menm pandan tout tan sa nesesite. Egzije, Leta pran mezi ak disposisyon pou sekirize itilizatè ak pwotiktè sou sistèm nan ak ansanm ouvraj yo, pwodiksyon yo pandan tout tan sa nesesè.

Onè ak respè

Ankouraje !

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Pensez à vous abonnez à mon blog et réagissez aux publications.